Marketplace Asirans Sante

Èske ou prè?

Marketplace Asirans Sante a ouvri pou biznis!

Moun ki pa gen aksè a asirans sante ka enskri pou garanti estanda atravè mache asirans sante ke eta yo, gouvènman federal la, oswa yon konbinezon de yo. Marketplace Asirans Sante — ke yo rele tou Echanj Sante — fè pati Lwa Pwoteksyon Pasyan ak Swen Abòdab. Marketplace la pral ede w jwenn asirans sante ki anfòm bidjè w epi ki satisfè bezwen w yo.

Pi bon kote pou jwenn dènye enfòmasyon ki pi egzak sou Marketplace la se HealthCare.gov, La, ou ka aprann kisa Marketplace Asirans Sante a ye, ki moun ki ka aplike pou asirans, ki jan pou w jwenn asirans, ki jan pou diminye depans ou ak plis ankò. Si ou posede yon ti biznis, gen enfòmasyon pou ou tou.

Marketplace la pral ede w jwenn asirans sante ki anfòm bidjè w epi ki satisfè bezwen w yo, ak mwens konplikasyon. Kèlkeswa kote w ap viv, ou ka achte asirans nan plan sante prive ki bay yon seri benefis konplè, tankou vizit doktè, sejou lopital, swen prevantif ak preskripsyon. Anplis de sa, plan yo nan Marketplace la dwe trete w avèk jistis; yo pa ka refize ou garanti poutèt yon kondisyon ki te deja egziste.

Avèk yon sèl aplikasyon, ou ka wè tou si ou kalifye pou Medicaid oswa Pwogram Asirans Sante pou Timoun yo, oswa pou ekonomi ou ka itilize touswit pou diminye prim asirans sante ou.

At HealthCare.gov, ou ka li enfòmasyon ki konsène ou, enprime lis verifikasyon epi gade videyo ki pral ede w pare pou aplike epi enskri. Ou menm ak fanmi ou ka eksplore chak plan sante ki kalifye nan zòn ou an, epi ranpli yon aplikasyon lè w pare. Ou pral kapab pran kontwòl ak pi bon enfòmasyon, ki gen ladan detay sou benefis ak pri prezante nan yon langaj klè ou ka konprann, kidonk, ou pral konnen ki sa prim ou yo, dediktib, ak lòt depans yo pral anvan ou fè yon chwa.

Yon fwa ou te deside sou yon plan, ou pa bezwen ale nenpòt lòt kote.